Limen Brikè [Kanaval 2018]-T-Vice

Genre-Kanaval
Year-2018
Mèt beton an lage

Kisa pou n fè ankò
Valè bagay nou fè
Gen sa k pa janm dakò
Pèp la wè yo antò
Yo pito fè konplo tan pou yo bat bravo

Sak avè m
Ann ale batay la kòmanse
Tout solda rasanble
Kenbe fè m
Oh non pa lage
Nou subi twòp abi mwen di fòk sa fini
Pa bezwen fache ban mwen sa m merite

Nikiya nikiya nikiya (2x)

Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn
Siklòn Mathieu – move pa pote n ale
Siklòn Jòj pase
Siklòn Jeanne pase
Men Irma pase

Ki van n bezwen – van libète
Ki van – egalite
Ki van – fratènite
Se sou channmas depi van sa rive

Vire yo vire yo – mayo
Vire yo vire yo – kepi
Vire yo vire yo – chemiz
Vire yo vire yo
Vire yo vire yo (2x)

Toto
Toto pi rèd
(4x)

Wach se wach – nan dada koripsyon
Wash se wach - nan dada lamizè
wach se wach – nan dada vole
Wach

e ou menm ti lepè
panse m te bliye
sak te fè aktualite a
sak te fè pawòl anpil la

chaje malfèktè kap fè move aksyon
toujou mache ak brikè w prekosyon pa kapon
si w nan sitiyasyon ou pa konn sa pou w fè
ale mande Rambo la baw tout solisyon

tout fanatik T-Vice (3x)
rale brikè n
rale rale brikè nou
rale pou n boule minòt yo

nap rale brikè n, n ap boule minòt yo – baw (2x)
boule yo (4x)

woy kite l tou limen (4x)

lè Bondye di wi, lèzòm pa ka di non
beton an se pou nou, se pou nou, se pou nou
aksepte l

rele anmwey (3x)
(Repeat)

men twonbòn original la
Vice2k tonton, chante

Si n vle lòt nasyon respekte n
Fò n ka kòmanse viv nan linite
Chanjman ta dwe priyorite n
Pou grann pwisans yo sispann kritike n

Ede m chante - wo
Ede m rele - ah
Pèp la ap mande – oh
Kot Ayiti prale – ah

Ansan m ann chante – oh
Pou n fè yo tande n – ah
An nou pran konsyans – oh
Pou Ayiti vanse – ah

Ou tap mande pou bagay
Men bagay (3x)

Devan Roro kap grate li
Li pran poz lap fè cho
Devan Roro kap grate li
Poutan se anba l ki cho
Devan Roro kap grate li
Sa n pral fè avè l
Mennen l nan famasi
Pote pomad (7x)
(Repeat)

Mezanmi sa l di la ?
« Nou fèt pou nou met tèt nou ansanm uni nou antan ke frères et sÅ“urs dans le futur pou y opa fè typ de frekantasyon sa avèk nou«

Se pa frekantasyon se frekansite, enbesil

Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn
Siklòn Mathieu – move pa pote n ale
Siklòn Jòj pase
Siklòn Jeanne pase
Men Irma pase

Ki van n bezwen – van libète
Ki van – egalite
Ki van – fratènite
Se sou channmas depi van sa rive

Vire yo vire yo – mayo
Vire yo vire yo – kepi
Vire yo vire yo – chemiz
Vire yo vire yo
Vire yo vire yo

Toto
Toto pi rèd
(4x)

Wach se wach
Wach se wach

m pral poze w kesyon kite m poze w kesyon
T-Vice avèk Djakout sa w pi pito – T-Vice
Nou pa egare